
Fè konesans ak nou !
« HIGHER », sig anglè ki vle di an kreyòl « Enstiti ayisyen pou oryantasyon nan domèn edikasyon siperyè ak rechèch » (Haitian Institute of Guidance for Higher Education and Research), se yon òganizasyon ki la pou valorize « konesans ak konpetans youn moun genyen pou travay epi kreye richès », sa nou rele « kapital imen ». Se poutèt sa, li devlope enfòmasyon ak done nan lide pou ede dirijan yo pran bon jan desizyon k ap pèmèt modènize ansèyman sipèryè nan peyi dAyiti.
HIGHER pwodwi done epi pataje yo ak Leta, sans l pa bliye aktè prive yo, pou yo ka rive pran bon jan desizyon ki gen rapò ak ansèyman sipèryè nan peyi dAyiti.
Objektif nou
Pwodui konesans ak done pou ede modènize ak amelyore edikasyon siperyè ak rechèch nan peyi dAyiti
Sipòte sikilasyon etidyan ak chèchè ayisyen yo nan inivèsite ak sant rechèch lòtbò dlo nan lide pou devlope echanj akademik ak syantifik
Devlope ansèyman syans atravè yon pwogram entènasyonal ki vize oryante epi prepare elèv lekòl segondè pou ansèyman siperyè




