Kout je sou listwa ansèyman ansèyman siperyè nan peyi Dayiti, soti nan lane 1804 (pwoklamsyon Endepandans) rive jounen jodi a.
Soti nan Akademi Wayal la pou rive 2023...
KÒMAN ANBYANS LAN TE YE OKÒMANSMAN
1ye janvye 1804 : Ayiti (oswa Hayti, Hayiti) pwoklame endepandans li vizavi Lafrans aprè yon gè ewoyik kote anpil san koule, kote lame esklav Afriken yo bat lame Napoleon Bonaparte la, youn nan pi gwo pwisans militè nan mond lan nan epòk sa a.
17 oktòb 1806 : aprè anpil bouch lonje kote ewo nasyon ki fèk kreye a pa rive antann yo, plizyè ladan yo monte yon konplo epi asasinen papa fondatè nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, ki te sakre anperè sou non Jacques 1ye. Aprèsa, vin gen yon peryòd kote youn ap manje lòt nan batay pou pouvwa. Batay sa a te opoze milat Alexandre Pétion (pitit yon kolon franse ak yon fanm esklav Afrikèn) ki te kontwole Lwès ak Sid peyi a, ak Henry Christophe nan pati Nò a. Rezilta : pandan 13 lane, soti 1807 pou rive 1820, peyi a te divize an 2 : Alexandre Pétion Chèf Leta nan pati Lwès ak gran Sid la epi Henri Christophe, nan gran Nò a kote li pwoklame tèt li wa nan lane 1811 sou non Henry 1ye. Istwa ansèyman siperyè ayisyen an kòmanse nan rejyon sa a.
KOUT KLE A : YON PA AN AVAN, YON PA AN ARYÈ
Daprè plizyè gwo istoryen tankou Edner Brutus ak Henoch Trouillot, istwa ansèyman siperyè ayisyen an kòmanse nan "Wayòm Nò" oswa "Wayòm Hayti", nan lane 1815, kote Jeneral Henri Christophe, ki te pwoklame tèt li wa sou non Henri 1er, yon ansyen enspektè lekòl, te fonde " Akademi Wayal". Pwoje enstitisyon sa a te gen mak fabrik edikasyon nan peyi Angletè. Daprè istoryen yo, anbriyon inivèsite sa a te gen ladan l yon lekòl medsin, chiriji ak famasi; yon lekòl atiza; yon lekòl agrikilti. Pou l te ka vanse ak pwojè sa a, Wa a te mande misyonè anglè pou ede l bati sistèm edikasyon li a. Se nan lide sa li te pwoche bò kote "British and Foreign School Society" nan chita nan vil Londres, nan peyi Angletè. Antanke esklav kite fèt 6 oktòb 1767 nan koloni anglè Lagrenad (yon zile nan Karayib la), Henri Christophe te gen anpil preferans pou sistèm anglosakson an. Se konsa, wa a te tanmen devlope relasyon diplomatik ak Angletè epi Etazini (lè sa a, Etazini te yon jèn nasyon ki te gen mwens pase 50 lane egzistans).
Malerezman, pwojè Akademi Wayal la pran yon so kabrit lè Wayòm Nò a disparèt epi tout peyi a vin fè yon sèl ankò nan lane 1820, sou otorite prezidan ki ta pral pran pouvwa a nan Lwès lè Alexandre Pétion mouri, Jean-Pierre Boyer (yon lòt milat ki se pitit yon kolon blan fransè ak yon fanm esklav afrikèn). Anpil istoryen konsidere Boyer kòm yon “obskirantis”, sa vle di ki pa mache kole ap limyè konesans pou popilasyon an. Kidonk, pandan 25 lane mouche sa a pase nan tèt peyi a, menm panda tout rès 19yèm syèk la, Leta ayisyen pat vrèman kreye estrikti pou ansèyman siperyè ak fòmasyon. Se an Ewòp, sitou an Frans, elit politik, ekonomik ak kiltirèl jèn nasyon an te konn al meble lespri l. Nan epòk sa a, gwo pwisans ki tap pratike kolonizasyon ak/oswa esklavaj (LaFrans, Angletè, Pòtigal, Etazini) yo pat pete bay Ayiti santi, yo te meprize l epi menase l; yo pat vle pou pèp yo te kolonize epi mete nan esklavaj yo kopye sa Ayiti te fè a.
YON NOUVO PA AN AVAN
Se jis nan dezyèm mwatye 19yèm syèk la (aprè/apati 1850) premye enstitisyon nasyonal ansèyman siperyè ayisyen an pral pran nesans (Akademi Wayal te yon pwojè rejyonal) : nan mwa avril 1860, "Lekòl Dwa Pòtoprens" lan kreye sou inisyativ Minis Edikasyon Nasyonal nan epòk la, Elie Dubois. Enstitisyon sa a te vin tounen "Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE)" nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA). Onivo nasyonal, FDSE konsidere kòm pi ansyen fakilte nan peyi a.
Nan kòmansman 20yèm syèk la (apati lane 1900), presizeman nan lane 1902, "Lekòl Syans Aplike" pran nesans nan Pòtoprens. Se te yon enstitisyon prive ki pral afilye, nan lane 1945, ak "Fakilte Syans", andenan “Inivèsite Dayiti” ki te kreye an 1944. Nan lane 1947, Lekòl Syans Aplike chanje non; yo vinn rele l “Lekòl Politeknik Dayiti”. Nan lane 1961, Lekòl Politeknik Dayiti antre andedan vant Fakilte Syans epi fè yon sèl avè l. Nou pap bliye, yon lane avansa, nan dat 16 desanm 1960, Inivèsite Dayiti ta pral chanje non pou l vin “Inivèsite Leta Dayiti”. Se prezidan François Duvalier, chèl Leta nan epòk la, ki te pran desizyon sa a atravè yon dekrè. Prezidan Duvalier se te yon medsen ki te fòme nan Lekòl medsin Pòtoprens lan ke blan meriken te kreye pandan peryòd Etazini te okipe Ayiti, soti lane 1915 pou rive 1934. N ap pale de peryòd sa a pi devan nan istwa a.
PREMYE PERYÒD ESTRIKTIRASYON
Soti 1915 rive 1934, Etazini okipe Ayiti. Aksyon sa a fèt touswit aprè Lame Etazini an antre nan Bank Santral peyi Dayiti epi sezi rezèv lò peyi sa a genyen. Poutan, pandan peryòd wont sa a kote Ayiti pèdi dwa granmoun li, ansèyman siperyè ayisyen an ta pral fè pwogrè, tankou adopsyon lwa sou "Inivèsite Ayiti" (zansèt "Inivèsite Leta Dayiti"), nan dat 4 dawout 1920. Zouti legal sa a pral pèmèt tabli bon jan règleman ak yon kad enstitisyonèl modèn pou konstriksyon yon sistèm nasyonal ansèyman siperyè. Avansa, mo "Inivèsite" nan peyi Dayiti te chita gen premye siyifikasyon l ki te soti nan ansyen sistèm fransè depi sou Mwayennaj rive nan rèy Napoleon Bonaparte, sa vle di ansèyman primè, segondè ak aprè segondè (siperyè). Se Lwa 4 dawout 1920 ki bay tèm "Inivèsite" nan peyi Dayiti siyifikasyon modèn li gen kounye a, sa vle di : yon "enstitisyon ki la pou kreye epi transmèt konesans atravè rechèch ak ansèyman aprè lekòl segondè, ki la tou pou bay kalifikasyon akademik ak pwofesyonèl aprè fòmasyon". Pandan okipasyon blan meriken yo, plizyè enstitisyon ansèyman siperyè pran nesans. Pita, yo pral antre andedan "Inivèsite Leta Ayiti" (ILA). N ap pale de "Lekòl Medsin" ki vin "Fakilte Medsin ak Famasi", ak "Lekòl Santral Agrikilti", zansèt "Fakilte Agronomi ak Medsin Veterinè". (FAMV)". Apre okipasyon an, nan ane 1940 yo, lò enstitisyon ansèyman siperyè piblik vin kreye; ladan yo nou jwenn :
Enstiti Etnoloji, te fonde an 1941 ak Doktè Jean Price-Mars kòm premye direktè l ki pran non “Fakilte Etnoloji (FE)” nan lane 1958;
Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) ki kreye an 1947 pou fòme pwofesè lekòl segondè;
Enstiti Nasyonal pou Administrasyon, Jesyon ak Etid Entènasyonal (INAGHEI), avansa ki te rele "Enstiti pou Etid Entènasyonal", pran nesans an 1973;
Lekòl Nasyonal Travay Sosyal, ki vin "Fakilte Syans Imen (FASCH)", 1974.
"Enstiti Etid Afriken ak Rechèch an Ayiti (IERAH)", ki kreye an 1980, epi ki vin tounen "Enstiti Siperyè Etid ak Rechèch nan Syans Sosyal (ISERSS)".
DEZYÈM PERYÒD ESTRIKTIRASYON
Jan nou te eksplike l deja, Prezidan François Duvalier, ki te dirije peyi a soti 1957 rive 1971 lè l mouri, te kreye Inivèsite Leta Dayiti atraè yon dekrè li te pibliye nan dat 16 desanm 1960. Se pat sèlman yon enstitisyon piblik ansèyman ak rechèch, men tou yon regilatè pou tout enstitisyon prive ak piblik edikasyon siperyè nan peyi a. Nan sans sa a, UEH te responsab tou pou bay enstitisyon prive otorizasyon fonksyònman yo. Lè li kreye nouvo estrikti "Leta" sa a, Duvalier te tou mare Inivèsite a nan pye tab li pou la ka kontwole epi mate mouvman pwotestasyon etidyan an yo kont pouvwa li a. Nou tout sonje grèv etidyan 1960 la. Jiskaske François Duvalier mouri sou pouvwa a, an 1971, Inivèsite Leta Ayiti te rete anba enfliyans pouvwa politik nan objektif pou kontwole opinyon epi konbat sibvèsyon. Soti lane 1971, aprè lanmò papa l, Jean-Claude Duvalier, 19 an, eritye pouvwa a; li ta pral kite l an 1986, lè opozisyon an ak peyi Etazini pouse do l. Pa bliye, malgre Konstitisyon 1983, sou pouvwa Jean-Claude Duvalier a, te rekonèt Inivèsite Leta Ayiti kòm yon enstitisyon "endepandan", sa pa vle di li te lib vrèman. Libète a te sou papye sèlman. Aprè Duvalier ale, 7 fevriye 1986, yon nouvo Konstitisyon pran nesans; yon ane aprè, yo vote l. Nouvo tèks lwa sa a, atravè atik 208 li (tit VI, chapit V) konsidere Inivèsite Leta Ayiti (ILA) kòm yon enstitisyon piblik otonòm.
ANSÈYMAN SIPERYÈ NAN REGYON PWOVENS YO NAN PEYI DAYITI (ANDEYÒ KAPITAL LA AK ZÒN KI SOU KOTE l YO)
Soti lane 1999 pou rive 2006, nan lide pou desantralize epi etann ansèyman siperyè sou tout teritwa nasyonal la, andeyò kapital la ak zòn ki sou kote l yo, Leta ayisyen, atravè Ministè Edikasyon Nasyonal, teste nan Depatman Sid peyi a, yon kalite enstitisyon ki te pote non "Sant Ansèyman Siperyè ak Teknolojik (CEST)", nan vil Okay.
Sou baz pwojè pilòt sa a, Leta kontinye kreye, apate lane 2006, sa nou “Inivèsite Piblik Reyonal"; men 3 premye yo (selon dat yon fonde) :
Inivèsite Piblik Sid Okay (UPSAC), 2006
Inivèsite Piblik Latibonit nan Gonayiv (UPAG), 2007
Inivèsite Piblik Nò Okap (UPNCH), 2007
Soti lane 2007 pour rive 2016, Leta ayisyen kreye 7 lòt Inivèsite Piblik Rejyonal :
Inivèsite Piblik Sidès nan Jakmèl (UPSEJ), 2011
Inivèsite Piblik Nòdwès nan Pòdpè (UPNOPP), 2012
Inivèsite Piblik Sant (UPC), 2012
Inivèsite Piblik Nòdès nan Fòlibète (UPNEH), 2014
Inivèsite Piblik Nip (UPNIP), 2014
Inivèsite Piblik Grandans (UPGA), 2014
Inivèsite Piblik Ba-Latibonit nan Senmak (UPBAS), 2016
10 enstitisyon sa a yo ap sèvi anviwon 8000 onivo premye grad oswa degree fòmasyon inivèsitè (lisans) nan domèn sa yo: dwa, syans agrikòl, touris, syans administratif, syans edikasyon ak syans enfimyè.
ANSÈYMAN SIPERYÈ PRIVE
Aprè eksperyans “Lekòl Syans Aplike” a nan kòmansman 20yèm syèk la, ansèyman siperyè prive ta pral pran tan pou li soti tèt ankò nan peyi Dayiti, lè nou konpare l ak istwa edikasyon nan lòt peyi Karayib yo. Kreyasyon enstitisyon prive ansèyman siperyè modèn nan Ayiti se zèv inivèsitè ayisyen ki te etidye aletranje oswa ansyen gwo fonksyonè administrasyon piblik nan peyi an. Antrepriz an Ayiti yo pa gen tradisyon sipòte ansèyman siperyè, jan sa fèt nan peyi anglosakson yo. Malgre sa, gen yon enstitisyon ensèyman siperyè prive ayisyen, ki se Inivèsite Quisqueya (UniQ), ki pran nesans gras ak patenarya sektè biznis prive a ak yon gwoup inivèsitè (+ koperasyon entènasyonal). San finansman Leta oubyen Antrepriz yo, enstitisyon ansèyman prive sa yo rive fonksyone gras ak frè etidyan yo peye. Pami pi ansyen yo, nou ka site :
Inivèsite Advantis Dayiti (UNAH), 1921
Enstiti pou Etid Komèsyal ak Ekonomik nan wo nivo (IHECE), ant 1961 ak 1963
Enstiti siperyè Teknik Dayiti (ISTH) / Inivèsite Ruben Leconte, 1962
Inivèsite Pòtoprens (UP), 1983
Inivèsite Quisqueya (UniQ), 1988
Inivèsite INUKA, 1988
Akademi Nasyonal Diplomatik ak Konsilè (ANDC), 1988
Inivèsite Jean Price-Mars, 1991
Inivèsite Lumiere, 1993
Lekòl siperyè enfotwonik (enfòmatik melanje ak elektwonik) Dayiti (ESIH), 1995
Inivèsite Notre Dame Dayiti (UNDH), 1995
Inivèsite Episkopal Dayiti (UNEPH), 1995
Pandan ane 2000 yo (soti 2000 rive 2009), kantite enstitisyon prive ansèyman siperyè ekploze. Jounen jodi a, yo reprezante plis pase 80% nan enstitisyon ansèyman siperyè yo onivo nasyonal.
ASOSYASYON ENSTITISYON ANSÈYMAN SIPERYÈ
FDispèsyon aksyon piblik ak prive nan sektè edikasyon an, espesyalman nan sous-sektè ansèyman siperyè, ta pral kreye kondisyon ak bezwen pou mete sou pye divès asosyasyon ki reyini dirijan enstitisyon ansèyman siperyè. Se konsa, nan lane 2011, “Konferans Rektè, Prezidan ak Dirijan Inivèsite ak enstitisyon ansèyman siperyè ayisyen yo (CORPUHA)” pran nesans. An 2018, Leta ayisyen rekonèt itilite piblik CORPUHA ki gen pou misyon "ede sektè inivèsitè a estriktire tèt li epi ofri bon jan kalite edikasyon atravè peyi a". Nan mwa fevriye 2023, "Rezo nasyonal anyèyman siperyè piblik (RENES)" kreye. Dapre fondatè li yo, misyon asosyasyon sila a se "ede etabli epi devlope sa k ap pèmèt inivèsite piblik Ayiti yo konekte ak rezo inivèsite lòtbò dlo nan lide pou amelyore fòmasyon, rechèch ak sèvis n ap bay kominote nan peyi nou".
JOUNEN JODI A
Kounye a gen plis pase 250 enstitisyon ansèyman siperyè nan peyi Dayiti. Sèlman 138 yo gen otorizasyon Leta pou fonksyone. Se “Direksyon Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik nan Ministè Edikasyon Nasyonal ki bay delivre otorizasyon sa a.
Josemar St-Victor
Comments